Top 5 jwè ki pi chè sou mache transfè a ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
top 5 jwè ki pi chè sou mache transfè a ! 

Daprè yon etid obsèvatwa foutbòl CIES mennen, yo rive wè ki jwè ki gen pi gwo valè machand nan mond foutbòl la. Entèsyonal Anglè a, Jude Bellingham se jwè ki koute plis kòb nan mond foutbòl aktyèl la. 

Selon estimasyon yo fè, pa gen okenn jwè sou planèt la ki gen pi gwo valè machand pase Jude Bellingham. Jwè Borussia Dortmund nan ki te briye ak peyi Angletè pandan Mondyal FIFA Kata 2022 a gen yon valè yo estime a 208 milyon Ewo. Mitan teren 19 lane a sou kontra avèk klèb Alman an pou jis 2025 men Liverpool ta renmen jwenn sèvis li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jwè ki vin aprè Bellingham nan se Phil Foden. Atakan Anglè k ap jwe nan Manchester City a vo 200 milyon Ewo. Se fransè a, Kylian Mbappé ki se twazyèm jwè ki vo plis nan mond foutbòl la. Atakan PSG a vo 191 milyon Ewo. Li gen menm estimasyon ak elye Brezilyen ki nan Real Madrid la, Vinicius Junior. 

2 jwè sa yo gen kontra ki lye yo ak klèb respektif yo pou lane 2024. Bitè Manchester City a, Erling Haaland nan lis sa tou. Nòvejyen an vo 175 milyon Ewo. Kontra l ap fini ak Sitizenn yo nan lane 2027. Selon menm etid la, yo dekouvri defansè ki vo plis la se Kowat la, Josko Gvardiol. Yon klèb ka bezwen nenpòt 125 milyon si l vle atache sèvis li. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.