Gracia Delva chantè mass konpa Viktim pirataj

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
gracia delva chantè mass konpa viktim pirataj

Nan yon videyo tou kout ki dire 35 segond chantè Mass konpa pibliye sou kont enstagram li jodi 6 mas la , li fè piblik la konnen depi vandredi 3 mas akoz pirataj li ta viktim li pèdi kontwòl nimewo telefòn li .

Daprè sa atis la fè konen, gen yon moun ki ap pran apel epi ekri nan plas li depi vandredi ki sot pase a . Ansyen chantè gwoup zenglen an mande tout moun ki ap kontakte li yo sou nimewo ki gen 2281 an pou yo pridan nan sa yap pale.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt kote Gracia Delva fè deklare li pa angaje nan anyen ki diskite sou nimewo sa pandan peryòd sa . Lidè vokal gwoup Mass Konpa fè konen, li ap kontinye fè demach bò kote konpagni telefòn lan an pou rive reprann kontwòl nimewo telefòn sila.

Nap raple Gracia Delva pa premye atis ki viktim pirataj nan milye mizik ayisyen an .Plizyè atis ak pèsonalite deja viktim pirataj anba men moun ki mal entansyone .

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média