Victor Osimhen reve jwe nan Premier League la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
victor osimhen reve jwe nan premier league la

Aprè jèn Nigeryen 24 lane a, fin pran pri meyè espòtif pou ane 2022 nan peyi Itali, jodi lendi a. Jwè Naples la pa kache anbisyon pou li ta jwe nan Premier League la. Osimhen ki se bitè Serie A ak 19 gol, te rejwen Naples an 2020 pou 70 milyon ewo, kontra Nigeryen an ap fini 2025.

Victor Osimhen ki ap reyalize yon gwo sezon ak ekip Naples la, sou wout pou ede ekip la pran 3zyèm scudetto nan istwa l. Aprè pri meyè espòtif ane 2022 a nan peyi Itali, bitè Serie A pa kache anvi li pou li ta jwe nan Premier League la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Anpil moun konsidere Premier League la kòm meyè chanpyona, men mwen nan yon pwosesis. Jodi a m ap jwe nan youn nan 5 pi gran chanpyona nan mond lan. Map travay anpil pou m reyalize rèv mwen, ki se jwe nan Premier League la » se sa atakan Nigeryen an fè konnen.

« Bay ekip Naples la tit la sezon sa, yon tit yo pap janm bliye, se yon gran misyon pou mwen. Menm si nou genyen scudetto a sezon sa, nou pa ka konpare nou ak Maradona, pou tout bagay li te bay klèb sa, se yon lejand. » Se sa bitè Serie A deklare.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive