Gradyasyon yon dezyèm klas sòlda nan Lame Dayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
gradyasyon yon dezyèm klas sòlda nan lame dayiti 

Nan yon seremoni ki dewoule nan lokal Kò avyasyon militè a ki nan Klèsin 12, yon dezyèm klas sòlda gradye jounen jedi 22 desanm 2022 an pou vin ranfòse efektif Lame Dayiti an. 

An prezans Premye minis Ariel Henry ak Kòmandman an chèf Lame Dayiti an, Jodel Lesage, yon dezyèm klas sòlda ki sòti nan pwomosyon Duty Boukman anndan Lame a gradye jounen jodi jedi 22 desanm lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chèf primati a, nan entèvansyon l lan, fè konnen seremoni sa dwe yon okazyon pou angaje yon deba nasyonal serye sou avni Lame an, misyon l, doktrin li, règ angajman l, finansman l ak bidjè ki dwe la pou li. 

Nan menm entèvansyon sa, Premye minis lan envite tout sòlda yo, nan egzèsis fonksyon yo, pou rete lwen batay politik patizan anndan peyi a nan lide pou evite manipilasyon politisyen, moun ki gen gwo lajan ak trafikan dwòg. 

Anviwon twazan aprè sòti premye klas sòlda Lame Dayiti an, yon dezyèm dezyèm pwomosyon sòti nan FAD’H la jounen jedi a pou gwosi efektif Lame a. Pandan mwa novanm lan te deja gen yon trantèn ki te tounen nan peyi a aprè yon fòmasyon nan peyi Meksik pou yon Inite gad nasyonal nan Lame a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.