Grefye 18 jiridiksyon peyi a antre an grèv

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
grefye 18 jiridiksyon peyi a antre an grèv

Asosyasyon Nasyonal Grefye Ayisyen yo (ANAGH) fè konnen nan yon korespondans adrese ak Minis Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) la, Emmelie Prophète Milcé, grefye 18 jiridiksyon peyi a pral antre an grèv apati jodi madi 7 mas 2023 a, pou mande aplikasyon konplè akò 3 novanm 2017 la.

Asosyasyon Nasyonal Grefye Ayisyen yo (ANAGH) nan korespondans sa a ki te adrese ak Minis Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) la, Emmelie Prophète Milcé, te enfòme Minis Jistis la desizyon grefye yo pou yo obsève yon arè travay apati jodi madi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dapre Mèt Ainé Martin ki se prezidan ANAGH,
grèv sa a pral obsève nan lide pou mande aplikasyon konplè, akò ki siyen ant Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la, asosyasyon grefye ayisyen yo ak Sendika nan dat ki te 3 nonvanm 2017 la.

Yon Akò ki te prevwa adopsyon estati grefye yo, fen diskriminasyon ak enjistis pwofesyonèl sa yo ap sibi, bay chak grefye yon kat debi, nonmen chèf grefye nan tribinal lapè ak ogmantasyon gradyèl nan salè yo, elatriye…

Li enpòtan pou nou note, grèv toujou ap repete, ki konn paralize  aktivite  nan tribinal yo, sa ki konn lakoz konsekans grav sou fonksyonman jistis la, donk sa ki konn fè plizyè ka rete annatant nan divès jiridiksyon peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.