Plizyè lekòl mande paran yo kenbe timoun yo lakay yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè lekòl mande paran yo kenbe timoun yo lakay yo

Plizyè lekòl nan kapital la Pòtoprens, oblije mande paran elèv yo kenbe pitit yo lakay yo an rezon sitiyasyon sosyo sekiritè peyi a k ap deteryore chak jou pi plis. Si genyen ki anonse sispansyon kou yo pou yon tan, genyen lòt ki anonse y ap dispanse kou yo an liy.

Ane 2023 a pa pote bon nouvèl ditou, menm pou sektè Edikasyon an. Gang k ap feraye tout kote sou teritwa a anpeche avni peyi a ale pran bon jan pen lenstriksyon nan etablisman eskolè yo. Sa lakòz responsab yo pran nouvo mezi pwoteksyon pou evite elèv yo viktim.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Union Nationale des Normaliens.nes Educateurs.rices d’Haïti (UNNOEH) rapòte genyen plizyè lekòl prive ak kongreganis ki anonse yo sispann kou yo an prezansyèl depi ayè 6 mas 2023 a pou rezon sekirite.

Etablisman sila yo se Enstitisyon Sacré-Cœur, kolèj Roger Anglade, Centre de Formation Classique (CFC), Petit Séminaire Collège Saint-Martial ak enstitisyon Sainte-Rose de Lima, pou n site sa yo sèlman. Sa ki pa mande paran yo kenbe timoun yo, enfòme y ap dispanse kou yo an liy.

Pa kont n ap raple, nan kèk zòn tankou anba lavil, ba Delma, Site Solèy, Kwadèboukè, elatriye genyen lekòl ki fèmen pòt yo san espwa y ap louvri pou ane a. Genyen menm ki p ap fonksyone depi ane pase. Gen videyo amatè k ap sikile sou rezo sosyal yo ki menm montre timoun ki kouche atè plat anndan klas yo pandan katouch ap pete nan zòn kote etablisman yo ye a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.