Gwo dife pran nan Fakilte agwonomi ak Medsin veterinè nan Damyen

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
gwo dife pran nan fakilte agwonomi ak medsin veterinè nan damyen

Nan lannwit jedi 13 avril 2023 a yon gwo dife eklate nan Fakilte agwonomi ak Medsin veterinè ki twouve l nan zòn Damyen kote anpil dega materyèl anrejistre.

Daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon nou an, yon bon pati nan espas fakilte an pase anba flanm dife kote ajan ponpye ki te rive sou plas yo te gen difikilte pou etenn li fas ak dimansyon dife sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Premye imaj ki pataje yo montre flanm ensandi sa k ap ravaje espas fakilte an ki gen Ministè agrikilti ki twouve l nan menm espas la kote dega ki anrejistre yo vrèman anpil.

Jiska moman redaksyon atik sa, okenn enfòmasyon pa pataje sou kote dife sa ki eklate nan Fakilte agwonomi an sòti oubyen si se ta yon aksidan. N ap raple, FAMV se yon “campus” kote gen etidyan ki jeneralman dòmi nan espas la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.