Premye minis ayisyen an, atravè chèf kabinè li Samuel Henry Saturné, fè premye pa a nan pwosesis pou mete Konsèy elektoral pwovizwa ki pral gen pou òganize pwochen eleksyon yo nan peyi a.
Nan lide pou chwazi manm ki pral gen pou fè pati pwochen KEP an, kabinè Premye minis Ariel Henry an kòman rankontre reprezantan divès sektè nan lavi nasyonal la pou kapab abouti ak yon lis 20 pèsonalite ki pral jwenn Wo konsèy tranzisyon an.
Nan kad demach sa, Wo konsèy tranzisyon an ta dwe resevwa lis 20 pèsonalite sa yo pou pita 17 avril kote manm HCT yo pral gen pou chwazi 9 manm ki pral gen pou konpoze pwochen Konsèy elektoral pwovizwa a ki ap gen pou òganize eleksyon yo ki ta sipoze òganize nan finisman ane an.
Nan demach sa gouvènman an mete sou pye pou fè chwa pèsonalite sa yo, chak sektè yo ap gen pou bay de non ki pral ajoute nan lis sa ki pral jwenn HCT an k ap gen pou deside nan tèt kole ak Premye minis lan sou kiyès k ap nan pwochen KEP an.
N ap raple, mete sou pye Konsèy elektoral pwovizwa pou òganizasyon pwochen eleksyon yo rantre nan kad akò Premye minis Ariel Henry te siyen 21 desanm 2022 an avèk divès estrikti sosyopolitik anndan peyi an.
Facebook Comments