PM Ariel Henry ak Vis Prezidant amerikèn lan Kamala Harris nan yon tèt ak tèt Bahamas

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pm ariel henry ak vis prezidant amerikèn lan kamala harris nan yon tèt ak tèt bahamas

Premye Minis Ariel Henry kite Ayiti jodi jedi 8 jen 2023 a nan lide pou l patisipe nan yon rankont ak dirijan CARICOM yo, dirijan Repiblik Dominikèn yo epi Vis Prezidant peyi Etazini an, Kamala Harris, nan peyi Bahamas.

Lidè ayisyen an pral patisipe nan yon rankont Chèf deta ak Gouvènman CARICOM yo, ak Repiblik Dominikèn epi Vis Prezidant peyi Etazini an, Kamala Harris.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Le Bureau de communication de la Primature informe le public en général et la presse en particulier que le Premier ministre, Dr Ariel Henry, a laissé le pays, ce 8 juin, à destination des Bahamas pour participer à une rencontre des Chefs d’Etat et de Gouvernement de la CARICOM: Caribbean Community et de la République Dominicaine avec la vice-présidente des Etats-Unis d’Amérique, Kamala Harris”, ekri nan yon nòt Primati ki pibliye jodi a.

Pandan absans li, se Minis ekonomi ak finans lan, Mesye Michel Patrick Boisvert, k ap gen pou asire fonksyònman Primati a kòmsadwa, toujou daprè nòt la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.