Hervé Fourcand konvoke nan biwo komisè Okay la, pou trafik ilegal dwòg 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
hervé fourcand konvoke nan biwo komisè okay la, pou trafik ilegal dwòg 

Komisè nan Tribinal Premye Enstans Okay la, Ronald Richemond nan yon korespondans, konvoke ansyen senatè Sid la, Hervé Fourcand. Pwokirè Piblik la gen entansyon tande ansyen palmantè a sou akizasyon trafik dwòg ilegal an rapò ak sanksyon Kanada ak Lèzetazini mete sou li. 

Ansyen eli ki soti nan Sid la, gen akizasyon sou do li ki fè kwè li konn  itilize avyon li pou transpòte dwòg ant Ayiti ak lòt peyi nan rejyon an, se sak fè ansyen palmantè a envite nan biwo komisè Okay la pou l vin reponn kesyon majistra Ronald Richemond sou akizasyon sa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Apre rapò Biwo Kontwòl Byen Etranjè (OFAC), […] Komisè Gouvènman an nan Tribinal Premye Enstans Okay envite w vin nan Biwo li a, ki chita nan Ri Quai nan vil sa a, madi 20 desanm  2022”.,    Ekri nan kominike a. 

N ap raple Depatman Trezò Etazini te anonse, vandredi 2 desanm 2022 a, sanksyon kont ansyen senatè Sid la Hervé Fourcand pou trafik dwòg. E peyi Kanada te adopte menm mezi yo kont Mesye Fourcand.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.