Imigrasyon an Repiblik Dominikèn kontinye ap depòte ayisyen san kanpe

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
imigrasyon an repiblik dominikèn kontinye ap depòte ayisyen san kanpe

Direksyon jeneral migrasyon nan peyi Repiblik Dominikèn ap ranfòse mezi kont migran ayisyen yo k ap rive pa pil ak pa pakèt sou tèritwa dominiken an. Jounen lendi a, yon gwo kanpay mennen pou rive kenbe epi depòte tout ayisyen ki pa gen pyès idantite legal ki otorize yo rete sou teritwa dominiken an. 

Reprezantan Imigrasyon yo nan plizyè katye nan Repiblik Dominikèn fouye tout kwen pou idantifye ayisyen ilegal sou teritwa dominiken an. Plizyè dizèn migran ayisyen san papye rive anbake  pa ajan imigrasyon yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè deklarasyon kèk sitwayen dominiken ki temwen fason depòtasyon yo ap fèt dènye jou sa yo an Repiblik Dominikèn, se yon chas otorite yo ap fè kont ayisyen yo nan peyi a. Ángel Bautista, yon chofè taksi, fè konnen li pa kont depòtasyon ayisyen yo men otorite yo ta dwe fè l ak pridans. 

«Yo vini la e se yon bagay nou pa ka eksplike. Yon demwazèl ki ta pral nan inivèsite, san poze kesyon, yo pran l yo ale avè l. Demwazèl sa ap etidye nan peyi a e li gen papye», deklarasyon Bautista ki te asiste ak evènman sa. 

Imigrasyon nan peyi Repiblik Dominikèn ranfòse dispozitif pou depòte ayisyen sou teritwa yo a dènye jou sa yo kote nan yon sèl jounen yo rive atenn yon nivo rekò avèk anviwon 1500 ayisyen ki rapatriye, malgre apèl Nasyonzini te lanse pou otorite yo te sispann ak depòtasyon ayisyen yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.