Jamie Vardy, lejand Leicester City a ap soufle 36è bouji l. Nan okazyon anivèsè l,nou ta renmen retounen sou yon bagay ki patikalye lakay atakan an. Se yon jwè ki desizif anpil lè l ap jwe kont pi gwo ekip Premier League yo.
An Angletè, yo pale de Big 6 pou yo kalifye sèk 6 pi bon ekip Premier League la konnen. Nan klan sa n ap jwenn, Manchester United, Liverpool, Manchester City, Chelsea, Arsenal epi Tottenham. Depi Vardy tande non youn nan klèb sa yo, plim leve sou do l. Se atò l ta fè gòl, se atò li ta bay pas gòl. Defans Big 6 la pase pa yo anba Jamie Vardy.
Tottenham se youn nan ekip Vardy pa gen pitye pou li. Nan tout match li jwe anfas Spurs yo, avannsant lan fè filè a tranble pandan 8 fwa epi li distribiye 5 pas gòl bay koyekipye l yo. Epoutan, Vardy pa gen respè pou Arsenal menm. Li pase Gunners yo 11 gòl deja eli bay 3 pas devan yo. Nan tout klèb Lond ki nan Big 6 la, se Chelsea li fè mwens mal (4 gòl ak 2 pas) malgre se bèl estatistik.
Lè Vardy rive wè Manchester City, li ka souri rive jouk dèyè zorey li paske se yon viktim li renmen. Nan karyè l nan foutbòl Anglè a, li pase Citizens yo 9 gòl e li pasè desizif 3 fwa devan yo. 2 pi gwo klèb peyi Angletè konnen, Liverpool ak Manchester United, pran men sòl pa yo nan men Vardy. Jwè Leicester a make 10 gòl anfas Reds yo e li bay yon pas. Devan United, li konnen 6 gòl ak 4 pas
Facebook Comments