Jay-Z sou wout gen yon jou ki pote non l nan New-York City

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
jay z sou wout gen yon jou ki pote non l nan new york city

Manm konsèy minisipal New-York yo pwopoze yon lwa ki dwe fè Jay-Z gen yon jou ki dedye avè l nan vil la. Jou sa se 4 desanm, jou anivèsè nesans rapè lejandè a.

Jay-Z se yon lejann nan rap ameriken an oubyen nan rap toupatou sou latè. Manm konsèy minisipal New-York yo ta renmen pouse lejann sa pi lwen toujou. Se nan lide sa yo pwopoze yon pwojè lwa ki ta dwe fè jounen 4 desanm nan tounen “Jay-Z Day” nan yon rekèt ki pase nan vwa Farah Louis.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsèy la ekri pwopozisyon lwa sa nan objektif pou yo selebre estati lejandè Jay-Z antanke MC, pawolye epi antreprenè k ap inove, ki enspire moun. Nan sans sa, jou 4 desanm nan t ap vini yon jou ferye. Jay-Z wè jou 4 desanm 1969 nan Brooklyn.

Se pa premye gwo omaj yo t ap bay Jay-Z si sa rive fèt. Pi bonè nan lane 2023 a, an jiyè, nan okazyon selebrasyon 50 lane hip-hop la, atis la te gen yon ekspozisyon ki te dedye avè l nan New-York, yon fason pou yo te retrase karyè anblematik li a. Y ap gen pou etidye pwopozisyon an nan koumansman lane 2024 la.

Nan mwa desanm sa, Shawn Corey Carter, sot fete 54 lane l sou latè beni. Si pwopozisyon lwa sa ta rive abouti, 55èm rekòt kafe rapè a ka pase nan yon fason espesyal kote se ap jou pa l nan vil li make ak anprent li a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.