Konsèy Siperyè Lajistis (CSPJ) la te pibliye nan dat ki te lendi 16 janvye 2023 a yon lis jij Ayisyen ki pa sètifye akoz divès enpèfeksyon ak fot grav. Kantite majistra ki pa sètifye yo se 30, ladan yo jij Ramoncite Accimé, jij ki te responsab dosye Petwokaribe a.
Vrèman vre, Konsèy Siperyè Lajistis (CSPJ) la, te fè konnen 30 Jij sa yo, pami yo Ramoncite Accimé, Jij ki te sou dosye Petwokaribe a, akize de divès enpèfeksyon ak fot grav tankou absans entegrite moral, abi otorite, absans etik pwofesyonèl, fasilite pou lage kriminèl notwa ak kalifikasyon akademik ensifizan ak lòt ankò.
Daprè kò disiplinè a, Ramacite Accimé montre yon « mank entegrite moral ». N ap note se jij sa a ki te responsab pi gwo eskandal koripsyon nan peyi a, alòske daprè CSPJ, majistra a fè prèv de yon mank entegrite moral.
Yon lòt bò, plizyè òganizasyon ak estrikti politik mande pou yo nonmen yon lòt jij ki sètifye sou dosye a, tout pandan yo fè konnen yo pap kite okenn lòt majistra sèvi ak dosye sa a pou pwofi pèsonèl ak anrichisman ilegal.

