Joao Felix fè premye gòl li ak ekip Chelsea a fas West Ham

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
joao felix fè premye gòl li ak ekip chelsea a fas west ham

Chelsea pran yon pwen fas ekip West Ham nan pou 23zyèm jounen Premier League la, jodi samedi an nan London Stadium nan. Joao Felix fè premye gòl li nan chanpyona epi ekip Chelsea a okipe 9vyèm plas nan klasman. Lucas Paqueta soti blese nan match sa.

Chelsea rive rache yon grenn pwen enpòtan fas ekip West Ham nan (1-1) nan London Stadium nan jodi samedi a pou 23zyèm jounen nan Premier League la. Joao Felix fè premye gòl li pou Blues yo nan 16zyém minit. Hammers yo pèdi Lucas Paqueta ki soti blese nan 14zyém minit.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou dèbi sa, Graham Potter te mete jwè ki fèk siyen nan ekip la (Joao Felix, Enzo Fernandez ak Mykhaylo Mudryk),men sa pat sifi pou ekip la genyen match la. Ekip la te manke enpresyonna pou l te bat match la.

Nan 16zyém minit ansyen jwè Atletico Madrid la, ta pral ouvè eskò a pou Blues yo, epi nan 28tyèm minit Emerson Palmieri ta pral egalize (1-1). Chelsea 9vyèm ak 30 pwen epi West Ham 15zyèm ak gen 20 pwen epi kontinye plwonje nan zòn relehasyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive