Jounalis Wilner Altidor mouri aprè li ta pase 2 semèn nan koma

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
jounalis wilner altidor mouri aprè li ta pase 2 semèn nan koma

Jounalis Wilner Altidor pa la ankò. Aprè plizyè tan li pase malad kote menm konesans jounalis la te pèdi, malerezman jodi dimanch 21 me 2023 a li pati pou peyi san chapo.

Jounalis, dizè, ekriven ak anpil lòt talan ankò, figi anblematik laprès ayisyen an Wilner Altidor, di lavi a babay aprè plizyè semèn ap soufri sou kabann lopital. Natifnatal Wanament lan te malad gravman grav. Li te entène lopital Sacré-Coeur nan Milo, daprè konfimasyon fanmi l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li se ansyen jounalis Radio Maxima, Radio Masak ak korespondan Radio Galaxie nan Nò. Li se otè « Vapè nan Bafon, de Safira, Kay Dyebon, Man Lélé, Sè Terèz, Ti Charit, Desten », pou n site sa yo sèlman.

Wilner Altidor make pasaj li pandan plizyè lane nan pwofesyon jounalis la an Ayiti.

Depa li kite yon gou anmè nan milye kiltirèl la epi yon gwo vid nan mond radyo ayisyen an sitou nan nòdès peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.