“Tout enkoni nan Sen Mak dwe gen yon deklarasyon Leta”, daprè meri vil la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
“tout enkoni nan sen mak dwe gen yon deklarasyon leta”, daprè meri vil la

Otorite lokal vil Sen Mak yo deside kontwole sikilasyon tout moun nan vil la akoz monte ensekirite a. Kèlkeswa enkoni k ap sikile nan tout kò vil la, dwe gen otorizasyon swa Meri a oswa PNH la. Mezi sa a pwolonje tou pou natif natal yo nan vil la ki te absan depi plizyè lane. Se sa a nou te ka li nan yon nòt pou laprès ki pibliye ayè 20 me 2023 a.

Nòt la di ;

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ansanm Otorite Kominal Sen Mak ki gen ladan l: Majistra Prensipal la, Mèt. Myriam FIEVRE, Komisé Gouvènman Tribinal Sivil Sen Mak la, Mèt Venson FRANÇOIS, Komisè Minisipal PNH la, Mesye Jean LAUTURE, nan lide pou n pwoteje popilasyon an ansanm ak byen yo kont vag ensekirite sa k ap ravaje tout peyi a epi sitou pou n evite nèg ak zam enfiltre popilasyon an nan kad migrasyon fòse sa k ap fèt akoz zak latwoublay ki genyen nan divès Komin nan Depatman an ak tout peyi a ki lakoz anpil fanmi deplase kouri kite zòn lakay yo pou vin refijye yo kote ki pa gen gwo danje tankou nan vil la ak seksyon kominal li yo, deside pran mezi sa yo ;

1- Tout moun ki resevwa ou byen gen lide resevwa yon moun lakay yo, ki sòti nan lot Komin, dwe enfòme otorite Lameri yo. Lajistis ak Lapolis ap gen pou anjistre moun sa yo prese prese nan yon kaye ki fèt pou sa

2- Tout moun sila yo ap gen pou pase nan Komisarya komin lan pou yon ankèt sou rezon ki fè yo deplase kite zòn lakay yo

3- Tout moun ki te kite Komin lan depi yon bout tan dwe pase Lameri pou fè konn sa e bay detay sou kibò yo t al rete epi kibò yo retounen vin rete kounya

4- Tout moun ki wè ou byen ki ta sispèk gen enkoni nan zòn lakay yo dwe enfòme otorite Lameri yo, Lajistis ou Lapolis san pèdi tan

5-Tout moun ki resevwa moun lakay yo, yo dekouvri ki te nan zak latwoublay nan nenpòt zòn nan peyi a epi ki pa enfòme otorite yo sou sa ap tonbe anba gwo sanksyon lalwa

6- Tout moun ki nan lari dwe toujou asire l li gen yon pyès idantite sou li k ap pèmèt yo konnen kiyès li ye e ki kote li sòti ;

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ansanm otorite sila yo ap raple tout popilasyon an zafè sekirite a konsène tout moun epi se nan kolaborasyon ak tout otorite vil la y ap kapab kenbe klima sekirite a pou pwoteje lavi ak byen tout sitwayen ak sitwayèn yo.

Mèsi pou konpreyansyon tout moun!

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.