Jounen entènasyonal demokrasi : Nasyonzini renouvle angajman l pou kontinye soutni Ayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
jounen entènasyonal demokrasi nasyonzini renouvle angajman l pou kontinye soutni ayiti 

Nan okazyon selebrasyon jounen entènasyonal demokrasi a jedi 15 septanm 2022 an, Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti fè konnen y ap kontinye soutni tout jefò k ap fèt pou ranfòse enstitisyon nasyonal yo an Ayiti. 

Nan yon kominike ki sòti jounen jedi 15 septanm 2022 a, dat ki make 15èm anivèsè jounen entènasyonal demokrasi a, BINUH fè konnen nan nivo Nasyonzini y ap kontinye akonpanye peyi a nan travay k ap fèt pou ofri yon demen miyò ak popilasyon an ki jounen jodia ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon jounen selebrasyon k ap dewoule an Ayiti nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak yon kriz san parèy sou plan politik, sekirite, ekonomik, ak imanitè. Yon sitiyasyon ki afekte popilasyon an nan dènye nivo, sitou sa ki pi vilnerab yo, k ap viv nan katye ki sou kontwòl nèg ak zam yo, sa òganis Nasyonzini an raple. 

Depi semèn ki sot pase a, anpil mouvman pwotestasyon pa sispann reyalize nan kapital la ak nan plizyè vil pwovens an Ayiti kote siwtayen yo kontinye ap denonse fenomèn rate gaz la, lavi chè, ensekirite ak to dola a ki pa sispann ogmante. 

Nan menm okazyon jounen entènasyonal demokrasi a, Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterrez, fè konnen lè a rive pou montre yon lòt fwa demokrasi, devlopman ak dwa moun se twa nosyon ki makònen e konplemantè. Nan yon moman kote, daprè Nasyonzini, demokrasi a fè yon gwo bak toupatou nan mond lan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.