Joverlein Moïse voye jete eskiz prezidan kolonbyen an sou asasina Jovenel Moïse la

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
Kredi Foto : RCI

Premye pitit ansyen prezidan an, Joverlein Moïse, voye jete byen lwen jounen jedi 22 septanm 2022 an eskiz nouvo prezidan kolonbyen an, Gustavo Petro, fè konsènan enplikasyon militè kolonbyen nan asasina Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021 an.

Nan nòt sa ki pibliye sou paj facebook li jounen jedi 22 septanm 2022 an, Joverlein Moïse fè konnen, nan repons li bay ak chèf Leta kolonbyen an, se pito jistis l ap mande, e non eskiz. « Kòm pitit gason ak siwtayen ayisyen, mwen mande jistis, pa eskiz», sa nou kapab li nan nòt sa.

«Èske gen yon ankèt entènasyonal ki konfime se mèsenè kolonbyen ki asasinen prezidan ayisyen an vre? Si wi, kiyès ki te kòmande asasina a? Ki kote yo te ye ? Sa nou konnen sou konpayi ameriken CTU? Ki moun ki peye? Poukisa?», kesyon premye pitit gason ansyen prezidan an ap poze.

Joverlein Moïse fè konnen li menm ak ekip jiridik li ap chache repons ak tout kesyon sa yo ki poze nan nòt sa, pandan l kontinye pou l di yo bezwen, yo vle e yo egzije jistis ak repons sou asasina prezidan Repiblik la Jovenel Moïse nan lannwit 7 jiyè 2021 an nan Pèleren 5.

- Advertisement -
Ad image

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.