Ogmantasyon pri gaz la: Sendika transpò wout yo mande pou mobilizasyon yo Kontinye

Par
Mackendy Filderice
Rédacteur
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.
- Rédacteur

Sendika transpò wout yo di yo eskandalize aprè remak divès lidè etranje yo, ki atribiye mouvman yo kont ogmantasyon pri gaz la,  komkwa se manifestasyon gang ak zam. Yo fè konnen yo jete  deklarasyon sa yo, epi yo mande pou mobilizasyon pou fòse gouvènman an retire desizyon sa a kontinye.

Sendika sa yo te fè konnen ogmantasyon pri pwodwi petwòl yo pa bon, epi yo di gouvènman an adopte desizyon sa a nan yon kontèks kote fanmi yo ap fè fas ak pri manje yo k ap monte.  

« Ogmantasyon pri gaz sa ka lakòz yon deteryorasyon akselere nan kondisyon lavi majorite popilasyon an”, te fè konnen sendika transpò sa yo, tout pandan yo te pini neglijans otorite yo devan rèl pi fèb yo sou kesyon gaz la.

Se sak fè, estrikti sendikalis sa yo fè konnen apre obsèvasyon sa yo, plis pase 20 òganizasyon sendikal, pami yo Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè d’Ayiti ak Brigad Sindikal Anti-Koripsyon, ap ankouraje tout sitwayen yo pou yo kenbe mobilizasyon an pou fòse gouvènman an retire desizyon sa a, yon desizyon selon estrikti sa yo ki kontrè ak enterè Popilasyon.

- Advertisement -
Ad image

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.