Julcène Édouard, Direktè Jeneral Ladwàn ak 7 lòt moun entèdi kite peyi a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
julcène Édouard, direktè jeneral ladwàn ak 7 lòt moun entèdi kite peyi a

Jij ankèt la nan Tribinal Premye Enstans (TPI) Pòtoprens, Jean Wilner Morin, bay yon mezi ki entèdi depa uit pèsonalite ayisyen, pami yo aktyèl Direktè Jeneral Ladwàn an, Julcène Édouard.

Daprè korespondans yo voye bay Sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon, pèsonalite sa yo entèdi kite peyi a jiskaske yon lòt avi soti. Desizyon sa vini nan kad yon ankèt k ap kontinye konsènan blanchi lajan, finansman teworis, anrichisman ilegal ak lòt krim grav ankò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Julcène Édouard, Romel Bell, Alcindor Fritz, Odly Dubreus, Samedy Ferland, Charles Belair, Bell D. Anna ak Augustin Dukens, se non uit moun sa yo ki pa gen otorizasyon pou kite peyi a.

N ap raple, Julcène Édouard te nonmen chèf Administrasyon Jeneral Ladwàn (AGD), nan dat 1ye jiyè 2022 a nan plas Romel Bell. Non Direktè Ladwàn nan sou lis ak tout madanm li ki se Anna D. Bell nan yon rapò ULCC te pibliye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.