Julian Nagelsmann ak Thierry Henry, 2 potansyèl ranplasan Christophe Galtier

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
julian nagelsmann ak thierry henry, 2 potansyèl ranplasan christophe galtier

Aprè nouvèl José Mourinho kapab vin pran tèt ekip PSG a sezon kap vini an, jodi dimanch 4 jen an, Foot Mercato fè konnen klèb la chanje lide. Sous sa fè konnen Julian Nagelsmann ak Thierry Henry se priyorite katari yo pou ta vin ranplase Galtier aprè sezon 2 grenn gòch Fransè a nan tèt klèb kapital la, menm si kontra li ap fini an 2024.

PSG ki pa rive nan objektif li pou sezon 2022-23 a, ki se Lig dè Chanpyon an, pa satisfè ak travay Galtier nan tèt klèb la. Rezon sa fè dirijan yo ap tatone sou kiyès yo dwe chwazi pou vin fè travay la pi byen. Aprè José Mourinho, jodi a Foot Mercato fè konnen ansyen antrenè Bayern Munich lan, bouwo klèb PSG a nan Lig dè Chanpyon an sezon sa, kapab vin pran tèt klèb kapital la ak Thierry Henry nan estaf la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Teknisyen alman an ki pa gen klèb depi 23 mars 2023, ak 35 lane sèlman, fè anpil bèl eksperyans, avèk pasaj li nan Hoffenheim, RB Leipzig epi Bayern Munich. Ak Bayern, li te rive pran Bundesliga a an 2022 epi Super Koup Almay la pandan 2 sezon, 2021 ak 2022.

Thierry Henry youn nan eleman pou estaf la

Katari yo ta renmen ansyen antrenè Monaco a entegre estaf ekip PSG a bò kote Julian Nagelsmann. Thierry Henry te asistan Roberto Martinez nan ekip Bèljik la an 2018, antrene klèb Monaco a pou sezon 2018-2019 la, sa ki te yon echèk. Diskisyon yo tanmen, Christophe Galtier pa konfòtab ditou, malgre 11èm tit PSG nan Ligue 1 an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive