Tout bagay reprann kalm yo nan zòn Kafou, aprè yon antant

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
tout bagay reprann kalm yo nan zòn kafou, aprè yon antant

Afwontman ant Lapolis ak prezime bandi ki ta soti nan baz Krisla yo ta kanpe, daprè premye eleman enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon an. Daprè yon sous nou ka fè konfyans, pou plizyè rezon deside rete anonim, ta gen yon antant ki jwenn ant otorite Leta yo nan komin Kafou ak gwoup gang Tibwa a.

Depi madi 30 me an, komin Kafou, espesyalman zòn Bizoton 53, te tounen yon kafou lanmò. Plizyè rafal katouch pa t sispann chante mikalaw nan komin sila ant Lapolis ak bandi yo te idantifye kòm manm aktif gwoup kriminèl ki sòti nan zòn Fontamara, presizeman nan Tibwa. Afwontman sa yo te lakòz plizyè moun blese anba bal, divès lòt te kouri kite lakay yo ak plizyè moun ki pèdi lavi yo, pami yo polisye Occil Franztdy yo rekonèt sou non Ti BIM, yon polisye detache avèk komisè Kafou a, bandi fin fizye l epi ale ak kadav li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon redaksyon an jwenn nan men yon sous pwòch, otorite yo nan komin Kafou ta kontakte chèf gang Krisla Chery pou mande l kanpe afwontman an. Daprè sa ki ta pale nan konvèsasyon an, Krisla, chèf gang Tibwa a, fè konnen se kèk polisye ki trèt li l ap bay yon leson, li pa gen pyès pwoblèm ak ni enstitisyon an ni responsab Leta yo nan Komin lan.

Toujou daprè sous pwòch la, ki deside rete anonim nan dosye a, ta gen yon antant ki jwenn pou kanpe afwontman an depi vandredi 2 jen 2023 a. Krisla ta rele sòlda l yo epi egzije yo rantre nan baz, nan lide pou egzekite dènye pawòl ki ta konkli antant yo.

Jounal la poko anmezi pou konfime echanj ki ta fèt pou fasilite antant sila. Toutfwa, sous la konfime gen yon antant ki fèt vrèman pou kanpe gè a. Krisla, bò kote pa l, ta obeyi paske li genyen biznis li k ap fonksyone kòmsadwa nan komin lan prèske chak jou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.