Kantite moun ki trape kolera kontinye ap ogmante nan peyi a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kantite moun ki trape kolera kontinye ap ogmante nan peyi a 

Kantite moun ki trape maladi kolera kontinye ap ogmante nan peyi a, daprè chif ofisyèl yo. Se sak fè  otorite sanitè yo mande popilasyon an pou yo respekte tout mezi prevantif yo epi aplike enstriksyon otorite yo, pou evite maladi a pataje plis. 

Pandan yon  vizit li te fè nan depatman sid la, Doktè Sinal Bertrand, manm kabinè Minis Sante a, evoke yon gwo ogmantasyon ka kolera ki anrejistre nan peyi a. Dapre sa li fè konnen, gen yon bilan de 5,275 moun ki entène lopital, 600 ka konfime, 6,072 ka sispèk, 77 lanmò nan lopital ak 40 lanmò nan nivo kominote a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt kote Doktè Sinal Bertrand fè konnen se yon bilan ki pasyèl paske gen kèk ka  nan komin Grandans lan ki poko antre nan rapò yo. 

Se sak fè Bertrand Sinal fè konnen li pral  nan depatman Grandans lan nan yon ti tan ki kout anpil, yon fason pou li otantifye ka yo sispèk nan depatman sa a. Konsa,  sa ap pèmèt li fè yon rapò konplè pou MSPP a. 

Pou moun ki ensèten yo, Doktè Sinal ensiste sou prezans kolera nan peyi a tout bon e li di maladi a deja fè anpil viktim.  Nan sans sa a, li mande popilasyon an vijilan pandan l ap envite yo respekte tout enstriksyon gouvènman an bay sou fason pou yo kapab fè sa a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.