Etazini ofri 3 milyon dola vèt pou nenpòt moun ki ede yo arete Lanmò San Jou, Gaspiyay ak Vitelhomme 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
etazini ofri 3 milyon dola vèt pou nenpòt moun ki ede yo arete lanmò san jou, gaspiyay ak vitelhomme 

Gouvènman peyi Etazini anonse yo mete yon sòm 3 milyon dola vèt disponib pou kèlkeswa moun ki ta ede yo mete anba kòd chèf gang Kwadèboukè a Lanmò San Jou, Gaspiyay ak chèf gang Tòsèl la Innocent Vitel’homme. Enfòmasyon an te toutswit chofe rezo sosyal yo, daprè plizyè sous NAK Média se pa yon rimè. 

Aprè gwo sanksyon peyi Etazini te fin pran kont kèk gwo chabrak nan vi politik peyi Dayiti a, otorite yo nan peyi Tonton Sam fouye tout dwèt yo nan zo kalalou a, depi kèk tan yo montre jan yo devwe pou kwape dosye gang yo nan peyi a. Daprè plizyè sous nou ka fè konfyans, peyi Etazini ofri yon latriye sòm lajan pou nenpòt moun ki ta bay tout enfòmassyon sou lokalizasyon ak demach pou arete 3 gwo bandi ki pa sispann kreye latwoublay nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Non yo se :  Lanmò San Jou, chèf gang komin Kwadèboukè, Gaspiyay epi  Innocent Vitel’homme chèf gang Tòsèl. 

Anplis fè vini yon fòs militè pou mete yon fren ak zak ensekirite yo, kesyon yo te pètinan bò kote anpil moun, tankou :  » ki mwayen blan meriken pral itilize pou kwape gang yo ?  »  Èske òf 3 milyon dola vèt sou tèt gang yo se youn nan pi bon estrateji yo ?   » Èske pwopozisyon sa a fyab  ?  Annatandan redaksyon an ap tann repons ak kesyon sa a yo. 

Sou facebook, kèk minit aprè enfòmasyon an pibliye, kòmantè yo pat piti. 

Se pa premye fwa òf sa a yo ap fèt an Ayiti, sitou nan yon konjonkti konsa, toutfwa, sa pa anpeche anpil moun pè kalaborasyon sila a menmsi se t ap yon gwo soulajman Ayisyen yo t ap jwenn si estrateji sa a reyisi 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.