Pwoblèm ensekirite a gen gwo enpak sou etidyan yo nan peyi a

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
pwoblèm ensekirite a gen gwo enpak sou etidyan yo nan peyi a

Pwoblèm ensekirite nan peyi a gen yon gwo efè sou etidyan yo an Ayiti, sa ki fè li difisil pou etidyan sa yo, fè travay yo chak jou san danje nan yon anviwonman ki estab, daprè deklarasyon kèk etidyan nan youn nan inivèsite nan Kapital la.

Pou Abno, yon jèn etidyan nan Enfòmatik, pwoblèm ensekirite a gen yon enpak siyifikatif sou etidyan yo nan inivèsite a, paske pwoblèm sila, afekte kapasite yo pou yo etidye, fè rechèch yon fason efikas epi san danje.

« Premyèman, ensekirite a fè li difisil pou mwen konsantre m sou etid mwen, paske mwen toujou ap fè fas ak risk vyolans ak ensekirite sou wout yo pou m vin nan inivèsite a oswa sou wout lakay mwen lè mwen ap sot nan inivèsite a », te eksplike Abno, nan yon ti bat bouch ak NetAlKole Media, tout pandan li te kontinye pou li fè konnen li pa sèlman pè pou sekirite pèsonèl li, men li pè tou pou sekirite kondisip li yo, sa ki ka gen yon enpak negatif sou sante mantal li.

Mete sou sa, jèn etidyan nan syans enfòmatik la, te fè konnen akoz ensekirite k ap vale teren nan peyi a, etidyan yo jwenn gwo difikilte pou yo vin nan inivèsite a, espesyalman baraj wout, manifestasyon vyolan ak eklatman ant lapolis ak gwoup gang yo oswa lagè gang ak gang.

« Inivèsite yo souvan fòse fèmen pòt yo pou yon ti tan akoz ensekirite a, ki ap deranje kalandriye akademik la, sa ki vin retade pwogram etid yo, epi fè nou fè plis tan nan inivèsite a », te deklare etidyan, ki di yo ap fè fas ak menas sou sekirite pèsonèl yo akòz kidnapin, atak, ak vòl, ki chak jou k ap pase ap vin pi mal an Ayiti.

 » Nou menm nan inivèsite yo, sitou prive yo, nou konsidere kòm sib potansyèl kidnapè yo akòz estati sosyal nou, sitou paske nou menm ki nan inivèsite nou gen kapasite pou enfliyanse sosyete a atravè travay rechèch n ap fè », te eksplike etidyan, tout pandan li di, etidyan k ap fè rechèch sou sijè sansib yo gen gwo difikilte pou jwenn aksè a sous enfòmasyon serye akòz ensekirite ak mank konpreyansyon kominote lokal yo.

Vrèman vre, ensekirite ki gen nan peyi a gen konsekans grav sou etidyan yo sitou sa ki nan inivèsite nan Kapital la, kote yo ap fè fas ak gwo obstak nan travay yo, ak rechèch yo. N ap note
Inivèsite yo an Ayiti gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan bay yon anviwonman ki an sekirite pou inivèsitè yo, men yo bezwen sipò sosyete Ayisyèn nan an antye pou reyalize travay sila a.

Nan sans sa, li enpòtan pou genyen mezi sekirite efikas pou pwoteje inivèsite yo epi asire elèv yo, anplwaye yo ak pwofesè pou yo travay ak etidye nan yon anviwònman san danje.

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.