Akoz yon blesi, Karim Benzema te oblije kite antrènman ekip Lafrans lan, jounen jodi a nan peyi Kata. Avèk blesi sa, atakan Real Madrid la gentan di premye match Lafrans lan babay.
Si gen jwè ki p ap patisipe menm nan Koup Di Mond lan, genyen tou k ap oblije rate kèk match ladan l. Pandan li pa t jwe dènye match Real Madrid yo, Karim Benzema te rejwenn ekip Lafrans avèk ensètitid sou eta fizik li. Jodi a, li blese nan antrènman.
Lafrans ap kòmanse Mondyal la fas Ostrali, jan sa te fèt nan Koup Di Mond 2018 la. Men pwoteje Didier Deschamps pral jwe match sa san aktyèl Balon dò a, Karim Benzema. Se nan fen sesyon an, KB9 ta pral soti akoz yon blesi nan kwis li.
Atakan an te santi yon gwo doulè nan kwadrisèp goch li avan li te kite teren an. Se jodi a Didier Deschamps te resi ka konte sou tout 26 jwè li konvoke pou Mondyal la. Si Benzema fòfè pou tout konpetisyon an, Deschamps ap gen jiska lendi pou l mete yon lòt jwè nan plas li.
Facebook Comments