Kasav kandida pou fè pati patrimwann kiltirèl imateryèl limanite

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
Par Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste  - Rédacteur
kasav kandida pou fè pati patrimwann kiltirèl imateryèl limanite

Apre soup joumou, Kasav Ayiti kandida pou antre nan patrimwann kiltirèl imateryèl limanite daprè anons anbasadris Ayiti nan òganizasyon « UNESCO « .

Dapre anons sa, Dominique Dupuy anbasadris pèmanan peyi Dayiti nan òganizasyon sa ,fè parèt nan dat 31 mas 2023 , Kasav Ayiti a kandida pou antre nan patriwann kiltirèl imateryèl limanite . Kandidati sa fèt ak kolaborasyon 4 peyi ki se Venezuela,Kiba ,Ondiras ak vwazen Ayiti an, Repiblik Dominiken. UNESCO ta dwe panche sou kandidati sa nan lane 2024.

Kasav se yon manje ki fèt ak manyòk li se tou yon eritaj ki gen plizyè syèk .Pratik fè Kasav lan sòti depi sou Arawak yo ak Tayinos yo ki te premye okipe tè sa. Pase pa zanzèt afriken nou yo epi ki jis kounya an 2023 Kasav lan toujou la .

Se pa premye fwa Kasav kandida pou antre nan lis patrimwann kiltirèl imateryèl limanite, Delegasyon Pèmanan Dayiti k ap travay nan ”UNESCO” te depoze yon kandidati deja nan lane 2022 avek menm peyi sa yo .

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média