Ankèt sou trafik zam ki enplike Legliz Episkopal Ayiti an kontinye ap vanse

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
ankèt sou trafik zam ki enplike legliz episkopal ayiti an kontinye ap vanse

Nan yon repòtaj ki pase sou paj ofisyèl PNH la sou rezo sosyal yo, otorite Lapolis yo, prensipalman DCPJ, prezante eta avansman ankèt sou kagezon zam BLTS ak ajan dwanye yo te sezi nan dat 14 jiyè 2022 an ki enplike Legliz Episkopal Ayiti.

Nan kad yon fouy ki ta pral reyalize nan plizyè konntenè nan waf Pòtoprens lan ki te vini sou kouvèti franchiz Legliz Episkopal Ayiti, otorite DCPJ yo avèk sipò ajan dwanye yo te dekouvri yon kagezon ki te genyen ladan l yon ventèn zam lagè, 120 chajè ak anviwon 20,000 katouch diferan kalib.

Nan ankèt ki ta pral lanse touswit aprè sou kagezon sa, otorite Direksyon santral polis jidisyè yo revele enplikasyon yon ventèn pèsonalite manm ak asosye Legliz Episkopal Ayiti an, pami yo reveran Pè Frantz Cole ki nan prizon ak Pè Jean Madoché Vil ki nan mawon, de nan pi gwo dirijan legliz la.

Daprè responsab Lapolis yo, moun sa yo ta enplike nan yon kokennchenn operasyon trafik zam ak bal ki fèt sou kouvèti franchiz legliz la. Nan kad ankèt sa, DCPJ ta pral arete nan dat 22 dawout 2022 Jean Gilles Jean Marie ki se kontab legliz la e ki ta pral mete yo sou pis yon Zimbabweyen ki se yon trafikan zam entènasyonal.

Jean Gilles Jean Marie, daprè Lapolis, te siyen plizyè dokiman sòti 2017 pou rive 2021 pou otorize dekesman lajan sòti sou kont legliz la pou ale jwenn trafikan zam entènasyonal,  toujou daprè responsab Lapolis yo, se chèf operasyon Legliz Episkopal kote Biwo afè finansye ak ekonomik nan DCPJ (BAF) revele gen plizyè tranzaksyon ki fèt chak mwa sou kont labank li.

Nan kad ankèt sa ki kontinye ap rapouswiv anviwon 10 mwa aprè, otorite Lapolis yo deja mete lapat sou yon dizèn moun ki enplike nan dosye sa pami yo Gina Rolls ki te gen responsablite resevwa konntenè yo pou Legliz Episkopal la, Lovenie Louis, Rubens Vilmont, ak lòt ankò nou pa site.

« Sa gen plizyè lane depi responsab yo nan Legliz Episkopal ap itilize koulwa enstitisyon an pou fè trafik zam, pou fasilite machandiz yo rantre. Prezime konplis yo itilize divès pò komèsyal nan peyi a, pami yo Lagonav, Pòtoprens, sa depan de destinasyon kagezon an », ajoute ankèt BAF la ki se twazyèm ki deja pwodui nan kad dosye sa.

Daprè rapò ankèt BAF la, rezo trafikan zam Legliz Episkopal la gen koneksyon avèk kèk gang k ap opere nan kapital la tankou Vilaj de Dye, Tòsèl, ak lòt ankò. Li rapouswiv pou fè konnen lè kagezon yo rantre, jeneralman yo estoke nan yon lekòl nan rejyon metwopolitèn lan avan pou deplase yo nan mitan lannwit pou al livre yo nan baz gang yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.