Lis blese yo pa sispann ogmante pandan Mondyal la ap rive nan yon ti ponyen jou. Nan kan panyòl yo, yo fenk pèdi José Gaya ki deklare fòfè. Luis Enrique oblije rele Alejandro Baldé pou pran plas li.
Alejandro Baldé, jèn lateral goch FC Barcelone nan pral jwe Koup Di Mond lan nan peyi Kata nan kèk jou. Nan lis 26 jwè a, Luis Enrique ki se antrenè Espay la pa t chwazi mete Baldé. Sepandan, José Luis Gaya, youn nan lateral goch ekip la blese sa ki fè yo chwazi rele Baldé vin pran plas li.
Jiskaprezan, Alejandro Baldé se youn nan pi bon eleman Barça pou sezon k ap jwe a. Li bay plizyè pas gòl e li polivalan. Li enpoze l sou zèl goch Katalan yo a sèlman 19 lane ki sou tèt li a. José Gaya se yon lateral goch ki gen 27 lane k ap evolye nan peyi Espay sou koulè ekip FC Valence lan. Li se yon pilye nan ekip sa.
Avèk Baldé ki rejwenn ekip la, vin gen 8 jwè FC Barcelone ki pral mouye mayo yo pou peyi Espay. Nou ka site Busquets, Alba, Gavi, Pedri, Ferran Torres, Éric Garcia, Ansu Fati aprè Alejandro Baldé. Sou rezo sosyal yo, jèn defansè a pa kache kontantman l genyen pou l patisipe nan gwo fèt foutbòl la.
Facebook Comments