Kata 2022 : Lionel Scaloni oblije ranplase 2 jwè ki blese nan ekip Ajantin nan 

Jephte Pascal
Par
Jephte Pascal
Rédacteur
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.
- Rédacteur
kata 2022 lionel scaloni oblije ranplase 2 jwè ki blese nan ekip ajantin nan 

Malgre Mondyal la prèske, blesi pa sispann ravaje ekip yo. Nan jounen 17 Novanm lan, gen 2 jwè peyi Ajantin ki oblije deklare fòfè. Pou rezon sa, antrenè ekip la, Lionel Scaloni fè apèl ak 2 lòt pou ranplase yo. 

Koup di mond lan ap kòmanse dimanch 20 Novanm sa nan peyi Kata. Pandan tout seleksyon ap prepare yo kote pa yo pou gwo evènman sa a, jwè yo pa sispann blese epi deklare fòfè pou konpetisyon an. Sèlman jounen 17 Novanm lan, Ajantin pèdi 2 jwè. 

Nan kan Ajaten yo, Joaquin Correa ak Nicolas Gonzalez p ap ka patisipe nan Koup Di mond lan. Jwè sa yo k ap jwe nan Itali, nan Inter an Fiorentina presizeman, ap oblije koupe konpetisyon an kout je. Pou ranplase yo, se Angel Correa ak Thiago Almada Lionel Scaloni chwazi. 

24è avan 2 nouvo jwè sa yo rejwenn seleksyon an an ranfò, yo t ap jwe foutbòl ansanm nan kapital peyi Ajantin, Buenos Aires. Yo potko konnen si yo ta pral patisipe nan gwo konkennchenn evènman foutbòl sa. Angel Correa se jwè Atletico Madrid alòske Thiago Almada ap evolye nan MLS la. 

- Advertisement -
Ad image

 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.