Yon ansyen foutbolè Afriken mouri anba kout dan pwòp chyen li yo 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
yon ansyen foutbolè afriken mouri anba kout dan pwòp chyen li yo 

Ansyen foutbolè Zambi  an, Philemon Mulala, mouri anba plizyè kout dan pwòp chyen li leve tou piti, aksyon an pase jou ki te samdi 7 janvye 2023 a.  

Plizyè gwo bouwo chyen devore anba kout dan Philemon Mulala, yon ansyen jwè foutbòl. Aprè dega espektakilè sa a, viktim nan ki genyen 60 lane te bay twòp san, pa t ka siviv. Enfòmasyon yo rapòte sou nèt la fè kwè, chyen yo ta masakre entènasyonal foutbolè a andedan lakay li nan vil  Lichtenburg, ki nan sid kontinan Afrik. 

 » Se 3 boul dòg ki manje mouche a, madanm li ki te okipe anpil pandan tan an, vin pantan sou li domaj li te gentan nan yon eta kritik ». 

Daprè pòtpawòl lapolis la Sam Tselanyane, madanm nan te neglije lè chen yo t ap  jape san rete pandan dram nan. Toujou daprè ajan fòs lòd yo, kay la sitiye nan yon lari, kote vire tounen chyen pa janm pap jape moun k ap pase.  

“Aprè chyen yo fin byen manje nonm nan, madanm nan antre andedan an al chèche mari l, men li pa t ka jwenn li. Pandan li t ap kontinye rechèch li, fanm nan wè mari l kouche san l pa brennen kòl, li kouche tou rèd nan jaden an. Lè l apwoche pi prè, li wè son rès manje chyen ki atè a « , daprè deklarasyon kòmandan an nan jounal Daily Star. 

Lapolis Sid Afriken louvri yon ankèt pou fè limyè sou sikonstans ensidan an.  

Bò kote pa l, Sosyete pou Prevansyon mechanste sou bèt yo, retire 3 chyen yo nan kay moun ki mouri a se yon bon lide epi mete yo nan abri. Philemon Mulala, 60 lane, se yon ansyen foutbolè Zanbi ki mete inifòm seleksyon nasyonal la 6 fwa pou reprezante li. Li te jwe pi fò nan karyè li nan ekip Cape Town Spurs nan sid kontinan Lafrik. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.