Kèk migran ayisyen ak dominiken disparèt nan dlo Pòtoriko 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kèk migran ayisyen ak dominiken disparèt nan dlo pòtoriko 

Gad Kòt Ameriken t ap chèche Mèkredi 26 oktòb sa a pou pi piti 8 migran nasyonalite dominiken ak ayisyen ki ta disparèt nan dlo Pòtoriken yo, daprè enfòmasyon plizyè medya etranje fè konnen. 

Gad Kòt Ameriken fé konnen migran sa yo te pwobableman abò yon bato ki chavire nan Bay San Juan nan Madi ki te 25 Oktòb 2022 a nan  aswè, daprè temwayaj yo te kolekte nan men 2  migran ki te nan bato sa ki te rive sove, 2 migran sa yo gen nasyonalite dominiken. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Trajedi sa rive nan moman otorite ameriken yo rapòte yon ogmantasyon vwayaj ilegal sòti Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Daprè otorite ameriken yo, ant oktòb 2021 ak septanm 2022, yo te entèsepte omwen 88 bato toupre Pòtoriko ak toupre Canal de la Mona, ki separe zile Ameriken an ak zile Ayiti a. 

Ayisyen k ap kouri pou pwoblèm peyi a, vwayaje tout kote pou chache yon lavi miyò, pafwa yo fè vwayaj ki riske anpil tou, e yo fòse kite  peyi natal yo kèk fwa akoz pwoblèm ensekirite a ak anpil lòt pwoblèm ankò.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.