Doktè Louis Gerald Gilles ki te pase plizyè jou nan men moun yo pa rive idantifye, te finalman jwenn liberasyon l ayè byen ta nan aswè 22 fevriye 2023 a. Atravè premye entèvyou li bay nan Gazette Haiti, nan mikwo Assad Volcy, ansyen senatè pou pati Lavalas la fè konnen, « Bandi yo tout kote, kèlkeswa andwa ou twouve w, yo gen anpriz sou ou ».
Bandi ak gwo zam fann fwa te kidnape doktè Louis Gerald Gilles, 16 fevriye 2023 pase a nan komin Dèlma, pandan l ta pral regle penitans li, aprè plizyè jou sekestrasyon, dirijan pati politik Noulha a jwenn liberasyon l kont ranson ayè byen ta nan aswè 22 fevriye a.
Premye entèvansyon l aprè echanj pou liberasyon doktè a, se sou Gazette Haiti li te fè l, nan mikwo Assad Volcy, li deklare divès pawòl fristrasyon maten 23 fevriye a tankou ; « Bandi yo tout kote, yo gen anpriz sou tout moun ».
Zak kidnapin yo pa epanye pyès moun andedan peyi a, prèske tout kouch yo koube anba lòd bandi san manman ki pa sispann kreye latwoublay nan mitan popilasyon an, sa ki sisite plis moun anvi kite peyi a san reflechi konsekans k ap vini yo[…] Leta sanse rete bèkèkè douvan zak malonèt yo ki fin tounen yon woutin prèske chak jou. Antouka, si enstabilite yon peyi te rezoud nan vwayaje toutan oubyen fè bèl tweet, peyi Salvador t ap fenk kare konte atoufè
Facebook Comments