Tafa Mi-Soleil prevwa sòti yon nouvo « EP » nan jou k ap vini la yo

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
tafa mi soleil prevwa sòti yon nouvo ep nan jou k ap vini la yo

Atis ayisyèn Saint Louis Evenie Rose Thafa Ina, anpil moun konnen sou non Tafa Mi-Soleil, prevwa sòti yon nouvo  » EP » nan jou k ap la vini la yo. Daprè yon pòs animatè radyo ak prezantè televizyon Carel Pedre te fè sou kont  » Twitter » li, nan dat madi 21 fevriye pase a.

Aprè 2 lane jèn atis la fè san li pa pwodwi okenn mizik, « Nan kèk jou Tafa Mi-Soleil soti yon nouvo EP. Nou Chita pale de li ak anpil lòt bagay ankò!  » , deklarasyon animatè a sou kont « twitter » li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pi lwen, Atis la ki separe ak ansyen lebèl li, pat janm rive bay piblik la eksplikasyon sou separasyon l ak EvazyonMizik. N ap raple sèl grenn pwojè vedèt la anba lebèl EvazyonMizik, te soti nan mwa jen 2021. Yon EP ki te pote non  » Reponn », ki gen 7 mizik, li te fè yon gwo siksè ak mizik ki titre  » Sove vim » lan.

Tafa te kòmanse chante depi nan jèn laj li. Li te konn chante nan gwoup ak nan koral legliz li. Lanmou l t ap ogmante pou mizik chak jou ki pase, li pat sèlman pran plezi chante pou tèt li, men l te konn fè sa tou pou tout lòt moun ki nan antouraj li.

Tafa Mi-Soleil se yon jèn atis ki fè de mizik pasyon li. Li patisipe deja nan plizyè pwojè ak plizyè atis tankou; Vanessa, D-fi, powèt revolte, 35 zile ak plizyè lòt. Gras ak talan l genyen, yo te kòmanse idantifye l seryezman nan endistri mizikal ayisyen an.

Thafa Ina fèt nan dat 19 mas 1998 nan zòn fò jak, li fè etid klasik li nan kolèj Sen lwi boudon. Daprè deklasyon Plizyè sipòtè, li gen yon vwa espesyal. Atravè talan sa a li kapab make pasaj li sou sèn mizikal ayisyen an, menm jan plizyè lòt atis fè l deja.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.