Ki atakan k ap vin ranplase Karim Benzema nan Real Madrid ?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ki atakan k ap vin ranplase karim benzema nan real madrid

Aprè 14 lane sou koulè Merengue yo, Karim Benzema mete yon fen ak bèl istwa li ak Real Madrid pou l rejwenn yon klèb nan peyi Arabi Sawoudit, Al Ittihad. Fransè a pral jwe nan Saudi Pro League la, menm kote ak Cristiano Ronaldo ki nan Al Nassr. Florentino Perez gentan gen 2 nom ki kapab vin ranplase Balon dò 2022 a : Kai Havertz ak Harry Kane. De jwè sa yo kapab rejwenn Mezon blanch lan an menm tan pou mèkato ete a.

Aprè 25 tit ak Real Madrid, ladan yo 5 Lig dè Chanpyon, Karim Benzema ki te vini nan klèb la ete 2009, aprè l te fin kite Lyon, deside mete yon fen nan paj istwa li ak klèb kapital espanyòl la. Sezon k ap vini, jwè fransè a ap evolye nan Saudi Pro League la. Real Madrid gentan gen 2 sib pou vin ranplase kapitèn yo an ki se Kai Havertz (27 lane) ak Harry Kane (29 lane).

- Advertisement -
Ad imageAd image

De jwè sa yo kapab rejwenn Real Madrid an menm tan. Kai Havertz ki se jwè Chelsea, ki se yon jwè ki gen anpil bon kalite, kapab koute Real Madrid anviwon 60 milyon ewo. Alman an kapab jwe nan lèl yo epi devan.

San okenn dout, meyè bitè Spurs yo se youn nan priyorite klèb la depi kèk tan. Depa Benzema a vin montre nesesite pou yo genyen l sezon k ap vini. Harry Kane kapab koute Real Madrid anviwon 100 miyon ewo.

Aprè depa Asensio, Hazard epi Benzema, Carlo Ancelotti ap bezwen ranfosè ekip li a pou sezon kap vini an. Havertz ak Kane se 2 bon eleman ki kapab itil madrilèn yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive