Ki jwè kap swiv Benzema nan koze Balon dò a ?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ki jwè kap swiv benzema nan koze balon dò a

Dat pou Balon dò 2023 a soti jodi vandredi a. Pèsòn poko konnen jwè ki pral swiv dènye loreya twofe a, Karim Benzema, pou sezon 2023 a. Twofe endividyèl sa ap remèt 30 oktòb ane sa, nan vil Paris. Anpil lòt distenksyon ap remèt nan menm jou sa, tankou pri Sócrates la, pou n site sa sèlman.

France Football bay dat pou remèt pri Balon dò 2023 a, jodi vandredi. Dat la se 30 oktòb, nan Théâtre du Châtelet, nan vil limyè a. Aprè Karim Benzema bò kote gason yo epi Alexia Putellas pou fanm yo, nomine pou sezon sa ap soti 6 septann.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se pa sèlman Balon dò yo k ap remèt jou sa. France Football ap pwofite bay menm jan sa toujou fèt, pri Kopa (meyè jèn jwè), pri Yashin (meyè gadyen ) ak pri Sócrates pou jwè ki kontribye plis nan fè zèv sosyal.

Pou jwè k ap nan lis pri Sócrates la, France Football ap bay non yo 7 jiyè. Lis Balon dò a bò kote mesye yo ap gen 30 non. Pou pa medam yo se 20, epi lis pou pri Yachine lan se ap 10, menm kantite a pou twofe Kopa a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive