Bandi ak zam nan « Ti Bwadòm » kidnape 30 moun abò yon bis 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi ak zam nan ti bwadòm kidnape 30 moun abò yon bis 

Gwoup gang yo k ap opere nan katye « Ti Bwadòm »  detounen yon bis ki soti nan sosyete transpò « La Genèse », ki asire  wout Pòdepè pou Pòtoprens, anviwon yon trantèn pasaje ki te abò bis sila a kidnape ayè samdi 22 oktòb 2022 a, endividi ak zam nan lokalite « Ti Bwadòm » se lotè zak sila a. Selon sa a plizyè sous lokal konfime nou. 

Bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo nan lokalite « Tibwadòm », relanse yo nan zak briganday yo ak anlèvman, ayè samdi a yo detounen yon bis transpò piblik ki rele « La Genèse », Ki abitye asire wout Pòdepè pou Pòtoprens. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Selon konfimasyon divès sous lokal pami yo Radyo « Métronome » ki te fè yon Tweet sou dram nan. 

Selon sous nou site a, otobis la te genyen anviwon 30 pasaje abò l, nan moman malfwa yo ta pral pran bis sa a an otaj pou rantre nan patiraj yo ak li. 

Ravisè yo mande yon sòm  500 mil goud pou libere chak grenn nan pasaje yo. Ekri sous sa a sou kont Twitter li. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.