Kidnapin nan kite atè, li pran lanmè 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
kidnapin nan kite atè, li pran lanmè 

Bandi ak zam kidnape 2 moun k ap travay pou yon konpayi ki anndan APN (Autorité Portuaire Nationale) alòske yo te sou lanmè, abò yon chaloup 9 septanm pase a. 

Kidnapin nan, aprè l fin fè kont dega atè, pran lanmè pou li avèk gang yo k ap byen ekipe tèt yo chak jou pi plis. Toutfwa idantite viktim yo pa revele, men tou lè 2 se kapitèn. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avan sa anpil enfòmasyon te konn fè kwè bandi yo konn sikile libebè sou lanmè, anpil moun te konn nye sa. Jounen jodia yo tèlman alèz, yo lage nan fè kidnapin sou vwa maritim nan. 

N ap raple, depi aprè ensekirite a fin tabli kò l sou teritwa, patikilyèman nan rantre sid kapital la, anpil moun, komès oblije pase sou lanmè akòz wout Matisan bloke. 

Gang k ap opere nan 3èm sikonskripsyon Pòtoprens lan, sitou nan Vilaj de Dye, pran kontwòl rantre sid Pòtoprens epi paralize tout yon nan peyi a. Fas ak sitiyasyon an moun ki bezwen rantre oubyen kite kapital la pou rann yo nan gran Sid la, oblije swa pran ti avyon, bato oubyen pase pa wout Tara’s. Jiskaprezan Leta ayisyen pako janm fè anyen pou reprann kontwòl zòn sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.