Pa p gen seremoni komemorasyon pou 9èm anivèsè egzistans APM 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
pa p gen seremoni komemorasyon pou 9èm anivèsè egzistans apm 

Asosyasyon pwofesyonèl majistra yo (APM) anile seremoni ki te prevwa òganize demen mekrèdi 14 septanm lan nan Kou kasasyon nan kad komemorasyon 9èm anivèsè egzistans yo kòm sendika. 

Nan yon nòt ki pibliye jounen madi 13 septanm 2022 an, Asosyasyon pwofesyonèl majistra yo fè konnen fas ak sitiyasyon sosyopolitik k ap devlope nan kapital la ak komin ki tou pre l yo, li twouve l nan obligasyon pou anile seremoni sa ki pwograme pou 14 septanm lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon nòt ki pote siyati Marthel Jean Claude ki se prezidan asosyasyon majistra sa ki kreye nan lane 2013, k ap evolye nan sistèm jidisyè ayisyen an. 

Depi plizyè jou, Ayiti ap konnen yon sitiyasyon tansyon. Anpil mouvman pwotestasyon pa sispann òganize nan divès kwen nan rejyon metwopolitèn lan ak nan plizyè vil pwovens avèk pou revandikasyon rate gaz, lavi chè ak ensekirite. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.