Prèske chak ane plezi fèt nwèl yo pa janm pase yon dat pou l pa selebre isit an Ayiti malgre mankman mwayen bò kote anpil moun men lanmou ak pataj toujou rann selebrasyon sa a posib. Ane sa a kesyon yo poze anpil, swa bò kote moun yo nan sektè gran panpan an oubyen sila yo nan sektè moun ki pa kanpe sou anyen yo.
Sitiyasyon malouk peyi a ap fè fas jounen jodi a blese prèske tout kouch sosyal yo andedan peyi a, moun paka soti akòz ensekirite a k ap vale tèren, bandi ap donnen tankou djondjon nan tout rakwen, kidnapin pasi pala, bagay yo tèt nèg nan peyi a mache nwa a tounen yon anbyans, tout moun fin abitye ak li jiskake yo pran plèzi ladan l pandan anpil moun kontinye ap plenyen grangou.
Pou fèt Nowèl la a ane sa a, Ayiti ak 10 depatman li yo sanble pa afiche nan kaye apèl Tonton Nowèl la. Si n ta kwè deklarasyon kèk ti machann andedan mache Lali tou prè Ravin Pentad.
Nou te eseye pran lapawòl nan bouch kèk machann ki abitye vann dekorasyon ak lòt akseswa Nowèl yo, yo plenyen anpil sitou pou konpòtman gouvènman aktyèl la, ki pa ba yo okenn espwa pou yo ta omwen fete Nowèl la ane sa a. Anbyans yo chanje, machann yo prèske pa vann anyen ki gen rapò ak fèt la ankò, atis yo pa ankouraje chante Nowèl, kay yo pa degize ak “pye bwa nowèl ” alòske, mwa novanm se mwa preparativ, mwa moun toujou pran sant desanm, ki se mwa ki rezève pou Tonton an.
” Nou pa espere anyen pou fèt Nowèl la, lavi chè ap ban nou kou, nou paka manje bagay yo mal” te deklare yon machann manje kwit.
Nan ti tan anvan yo, lè fèt Nowèl te konn vin fè eskal an Ayiti, nan tout katye machann fedatifis ak peta te konn fè kenken, kounye a menm yon peta yon timoun paka pete paske laperèz nan kò tout moun, tout moun ap mache tou sou kouri. ” Pa gen espwa ankò, nou pa ret 2 respire nan peyi sa a, nèg politik yo fin egzekite lòd patwon yo, se kay blan yo pral danse fèt desanm ane sa a, malere ak malerèz yo ap kontinye danse anba kout bal bandi” Frantzy ki se yon jenn etidyan nan fakilte ETHNOLOGIE te deklare.
Èske yon mwa sifi pou gouvènman an, aktè politik yo ak Tonton Sam ki pi cho pou rezoud kriz sa kapab rezoud li, pou fasilite paran, pwofesè, machann, jenn ak timoun yo fete 24, 25 ak 31 desanm ane sa a ? Antouka li t ap bon si se ta tout bon yo vle manifeste volonte yo nan sans sa a.