Kisa pèp ayisyen an espere de 2023 ? 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : AP

Mwa janvye a ap pran san l, pran tan l pou l al fè wout li kè pòpòz. Alòske 2023 fenk rantre, kriz sosyopolitik la pa bò kote pa l pa fè wonn pòt. Depi 2022 peyi d Ayiti ap konfwonte yon seri pwoblèm ki gen enpak dirèk sou popilasyon an alòske Leta ayisyen pa janm di ni fè anyen. 

Si depi aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse – nan lannwit 6 pou al 7 jiyè 2021 an lakay li nan Peleren 5, nan Petyonvil – peyi a te bon jan kòmanse desann nan lanfè akòz batay ki genyen jiskaprezan pou pouvwa, fen lane 2022 a kite yon gou anmè nan bouch pèp ayisyen an jiskaprezan an rezon ensekirite a, lavi chè a ak goud la ki pa sispann pèdi valè devan dola meriken an, epitou zafè gaz ki pa genyen sou teritwa an pèmanans: tout sa yo rann kotidyen chak grenn moun vin pi difisil chak jou pi plis.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè mouvman pwotestasyon kont pouvwa an plas la depi septanm pou rive novanm 2022, peyi a tonbe sou dèyè l epi paka leve. Plizyè antrepriz ak ti biznis blije fèmen pòt yo, lekòl pako ka reprann nèt kòmsadwa jiskaprezan, moun pa sispann kite peyi a, pa gen travay, Leta ap fè resèt pèsonn pa janm wè kibò yo pase, san konte chaje men nan sektè prive a ak klas politik la k ap finanse gang ak zam pou teworize popilasyon an.  

Yon klas politik pi fò anba sanksyon 

Novanm 2022 se mwa ki t ap pral siyen yon lòt faz nan konba entènasyonal la kont kriz la nan peyi d Ayiti. Lèzetazini ak Kanada, nan yon premye tan, te pran angajman pou mete anba sanksyon plizyè wo diyitè pa bò isit an Ayiti pou enplikasyon yo nan move zak tankou koripsyon ak finansman gang pou simaye latwoublay. 

Jounen jodia, plizyè peyi nan Amerik la ak an Ewop sanksyone plizyè pèsonalite politik tankou Berto Dorcé, Listz Quitel, Youri Latortue, Joseph Lambert, Gary Bodeau, Rony Célestin, Hervé Fourcand, Michel Joseph Martelly, Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant, epi sezi byen yo. Konsa tou genyen plizyè chèf gang, pami yo Jimmy Cherizier alyas Babekyou, ki paka vwayaje nan plizyè peyi konsène yo, epi yo sezi byen li genyen la yo tou, si li genyen!  

Nan foul la nan raple kèk òm dafè tankou Gilbert Bigio, Reynol Deeb ak Sherif Abdallah anba sanksyon Kanada pou menm repwòch yo.  

Si tout sanksyon sa yo pran kont dirijan sila yo, n ap raple jiskaprezan pa gen youn ki plede koupab. Tout inosan! Mete sou sa chèf pouvwa ekzekitif la aktyèlman, ki se Ariel Henry, pa janm pwononse yon mo sou dosye sila malgre kominote entènasyonal la, patikilyèman Lèzetazini ak Kanada te deklare pou kounya « se gouvènman ayisyen an ki pou pran bon jan pinisyon kont moun sila yo. Jiskaprezan anyen pa janm fèt. 

Aktyèl minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Emmelie Prophète Milcé te deklare nan mwa novanm ane pase « gouvènman ayisyen an ap travay lannwit kou lajounen pou jwenn pi meyè fason yo ka rekipere dosye moun Lèzetazini ak Kanada sanksyone yo », men jiskaprezan zafè sila pa chwal batay li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, menm si entènasyonal la sanksyone tout moun sila yo epi òganize plizyè chita pale nan lide pou pèmèt peyi a rale yon souf, sa pa anpeche fenomèn banditis la ap panpannen kò l ni rantre Sid ak rantre Nò kapital la, kote viktim yo konte pa santèn pou ane 2022 a, malgre jefò lapolis ki toujou ap plenyen li pa jwenn akonpayman ak materyèl nesesè pou batay ak gang yo ki pi byen ekipe ak gen pi gwo zam pase yo.  

Men, menmsi ensekirite a rive nan yon nivo ki pa konparab ankò an rezon jan gang yo opere ak retire lavi inosan ki gen malè kwaze chimen yo, sa pa di Leta ayisyen anyen. Objektif prensipal li, se asire jesyon pouvwa pou li pa tonbe nan men opozisyon an.  

Yon tranzisyon pou sòti peyi a nan enpas ?  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre chire pit ki genyen, se 3 janvye ki sot pase la akò 21 desanm 2022 a te resi pibliye nan jounal ofisyèl Repiblik la, Le Moniteur, ansanm ak Ògàn Kontwòl Aksyon Gouvènmantal (OCAG). 

Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT), premye minis peyi a Ariel Henry kreye, se nan lide pou mete sou pye yon Tranzisyon kote tout moun enplike, epi pèmèt genyen eleksyon transparan nan peyi a. Dokiman sila rann piblik, men anpil regwoupman politik krache sou li epi fè konnen rejim anplas la ap met estrateji kanpe pou l asire yon pasasyon pouvwa ak pwòp kan li, pandan l ap kowonp plizyè pèsonalite nan klas politik la, pami yo dirijan Rasanbleman Demokrat Nasyonal Pwogresis yo (RDNP) madam Mirlande Hyppolite Manigat.  

N ap raple, ansyen kandida pou prezidans lan, yo wè kòm moun k ap gen pou mennen HCT a, deja fè plizyè chita pale ak PM nan, epi yon lòt kote ak chèf Biwo Entegre Nasyonzini yo an Ayiti (BINUH) Helen La Lime sou jesyon kriz aktyèl la.  

N ap raple si gouvènman Tèt Kale 3yèm vèsyon an deklare HCT a enklizif, nan siyati antant lan genyen fo siyati. Se ka lidè pati EDE a (Engagés pour le Développement), Doktè Claude Joseph ki deklare « li pa t siyen akò sila, gouvènman an nan manti ». N ap raple gen plizyè lòt pati ki kont HCT Ariel Henry a tou.  

Toutfwa, sa pa anpeche premye minis oubyen prezidan a vi a kontinye swiv chimen politik li san okenn lejitime aprè ansyen prezidan asasinen Jovenel Moïse te nonmen l nan tèt Primati a 5 jiyè 2021, avan l te pran tèt peyi a aprè lanmò “Nèg bannann nan” 20 jiyè menm ane a. 

Aktyèlman pa gen pyès moun k ap dirije peyi a : pa gen prezidan, pa gen premye minis, pa gen senatè ak depite, Ariel Henry ap jwe tout fonksyon l ak sipò kominote entènasyonal la. Zye tout moun fèmen sou kriz sosyal la. Pou sila k ap dirije yo « pa gen wout pa bwa » solisyon an se jwenn yon konsansis politik ki ka vin pote lapè ak sekirite sou teritwa a alòske tout moun wè « demokrasi a rann dènye souf li nan peyi d Ayiti ». 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.