Rafael Nadal elimine nan Open Australie a  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
rafael nadal elimine nan open australie a  

Nan match Nadal fas ak Mackenzie McDonald nan Open Australie a nan Rod Laver Arena, espanyòl la pa rive defann tit li a, kote l pèdi nan 3 sets aprè li te fin blese (6-4, 6-4, 7-5), jodi mekrèdi a. Defèt sa kraze moral recordman Grand Chelem nan , men sa pa anpeche l anonse l ap retounen ankò 

Rafael Nadal tonbe nan dezyèm tou Open Australie a fas ak ameriken an McDonald (6-4, 6-4, 7-5), aprè li te fin blese nan senti li. Jwè ki pran Grand Chelem lan 22 fwa pat vle bay match la vag malgre li te blese.  Aprè rankont lan, li pa te kache desepsyon li sou blese l yo ki pa sispann repete epi anpeche l ale pi lwen nan objektif li.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Depi 2 jou, m santi mwen jennen, men sa pa gen rapò ak sa ki pase jodi a. M pa vrèman konnen sak pase a, si misk mw yo, atikilasyon mw yo, m te konn gen pwoblèm senti, kèk tretman men se pat yon blese ki te grav. Kounya, m santi m paka bouje, m pap konn pwoblèm yo si m pa fè yon ekzamen. Pou dayè, m pa renmen pale sou sa, m pèdi match la, sa fini. M pa konn si m te anfòm m t ap genyen tou. M te eseye sa pa mache, » Se sa Majorquin an fè konnen.  

Eliminasyon Nadal la fè anpil moun kriye, espesyalman madam li ki te nan tribin Rod Laver Arena a. Se vre defèt sa detwi jwè a men sa pa anpeche li anonse retou li. Gwo kesyon k ap poze : èske kò Nadal ak tout pwoblèm fizik sa yo ap kite l rejwenn fòm li ?  

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive