Kolera kontinye ap make rekò, OMS genyen gwo dout pou Ayiti

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kolera kontinye ap make rekò, oms genyen gwo dout pou ayiti

Pou pi piti yon total 45,000 moun enfekte ak maladi kolera an Ayiti, 700 moun mouri depi epidemi an te kòmanse nan mwa Oktòb 2022 a, se sa Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) revele ayè jedi 8 jen an.

Kolera ap pike monte ak yon vitès ki dechennen nan peyi a. Deja 700 moun pèdi lavi yo nan maladi a depi aparisyon li an Ayiti, pandan sa genyen prèske 8 mwa, daprè estatistik Òganizasyon Mondyal Lasante yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anplis kolera a, peyi a gen risk fè fas ak yon dividal lòt epidemi epi yon latriye lòt maladi tankou tibèkiloz, lawoujòl oswa polyomyelit, pandan sèvis lasante nan peyi an an degraba, daprè Direktè Jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, nan yon konferans pou laprès.

Misye Tedros te souliye tou, maladi sa, konfli gang ak gang, ansanm ak katastwòf natirèl nan yon peyi tankou Ayiti ki pa sibi twò lontan gwo inondasyon ak tranblemanntè, genyen prèske mwatye nan popilasyon an k ap viv nan yon grangou atwòs.

Li te repete tou, OMS mande ak donatè li yo plis pase 37 milyon dola vèt pou satisfè bezwen imanitè Ayiti ane sa. Li raple pwoblèm sante yo se sèlman yon pati nan kriz grav pou yon peyi ki genyen kalite vyolans sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.