Kolera : yon ogmantasyon prèske 60% nan kantite ka yo sispèk nan yon mwa 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kolera yon ogmantasyon prèske 60% nan kantite ka yo sispèk nan yon mwa 

Nasyonzini te konfime Jedi 19 janvye sa a, Kolera kontinye ap pwogrese an Ayiti, sitou nan pwovens, ak yon ogmantasyon prèske 60% nan kantite ka yo sispèk nan yon mwa. Òganizasyon an fè konnen kantite ka sispèk yo te ogmante ant mitan mwa desanm ak mitan mwa janvye soti nan anviwon 15,400 ka sispèk rive plis pase 24,200. 

Daprè Nasyonzini ki site dènye rapò Biwo Kowòdinasyon Afè Imanitè Nasyonzini an (OCNH), nan espas yon mwa, kantite ka yo sispèk yo ogmante de 57% konpare ak 15,400 ka yo sispèk yo nan dat 15 desanm 2022 a. « Ekspansyon jeyografik epidemi an konfime paske gen ka ki konfime nan nèf nan dis depatman yo », eksplike Òganizasyon an, avan li fè konnen apati 15 janvye 2023, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ayisyen an  te rapòte plis pase 1,700 ka konfime ak 24,232 ka sispèk kolera nan peyi a, ki gen ladan 483 lanmò ak 20,505 moun ki entène lopital. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Avèk plis pase 16,000 ka, Lwès rete byen lwen depatman ki konsantre plis ka yo, sa vle di plis pase 65% nan ka yo sispèk », afime Nasyonzini, tout pandan li fè konnen depatman ki fè eksperyans ogmantasyon ki pi enpòtan yo se Nòdès, ki fè eksperyans premye ka sispèk li, Sid (63% ogmantasyon sou 7 jou) ak Nòdwès  (52%). 

N ap note, prèske 1.2 milyon vaksen oral kont kolera te rive 12 desanm 2022 a sou teritwa ayisyen an. Premye faz kanpay vaksinasyon an, ki te kòmanse 19 desanm 2022 nan minisipalite ki pi afekte yo ak zòn ki antoure l yo nan depatman Lwès ak Sant, te fini lendi 16 janvye 2023. 

Daprè OCHA, yo te bay prizonye yo tou dòz yo nan penitansye Pòtoprens ak Kafou, epi li souliye gen 94 sant tretman kolera ki anplas kounye a atravè peyi a, 67 ladan yo t ap resevwa pasyan ki gen dyare egi depi 10 janvye 2023.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.