Komisè gouvènman Okay la apiye demann gouvenman an fè bay Nasyonzini an 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
komisè gouvenman okay la apiye demann gouvenman an fè bay nasyonzini an 

Ronald Richemond, Komisè gouvènman Okay la, apiye demann gouvènman an fè bay Nasyonzini pou deplwaye yon fòs militè etranje nan peyi a. Li fè konnen se sèl mwayen gouvèneman genyen pou rezoud pwoblèm ensekirite a. 

Pou Komisè a,Yon entèvansyon konsa nesesè pou kontrekare ak aksyon gang ak zam yo kap simen latwoublay sitou nan Kapital peyi a. Nan sans sa, Ronald Richemont, Komisè gouvènman an nan tribinal premye enstans Okay la di li sipòte totalman efò gouvènman an fè pou jwenn entèvansyon militè etranje nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou Komisè a te kontinye jistifye rezon ki fè li apiye demann Gouvènman an, li te kritike pwoblèm ensekirite kap ravaje peyi a kote bandi ak zam pa sispann mete dlo nan je anpil fanmi Ayisyen, lè yo touye yon pwòch yo, pafwa nan yon kondisyon ki kritik anpil. 

“Lè yon bandi ak gwo zam fin touye epi boule yon moun, pèt sa lage yon soufrans ki san parèy nan mitan fanmi sa a, yon soufrans fanmi sa paka sipòte”, deklarasyon komisè Okay la, Ronald Richemond, limenn ki kontinye pou li di yo dwe pèsekite bandi ak zam sa yo kap bay pwoblèm nan peyi a, epi pou yo mete anba kòd tout moun ki ap bay bandi sa yo zam ak minisyon pou yo fè zak sa yo. Li kritike tou patisipasyon legliz nan komès zam ilegal. 

Yon lòt bò, Mèt Ronald Richemond rekonèt mwayen lapolis la limite, chèf lajistis Okay la fè konnen yon entèvansyon fòs militè etranje se dènye mwayen gouvènman an  genyen pou li elimine ensekirite nan peyi a. Nan sans sa,  li atake moun ki di yo pa dakò ak entèvansyon an pandan li fè konnen bò kote pa l, li pare pou l kolabore ak militè etranje yo daprè plan Ministè Jistis la pral tabli. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.