Akòz move kondisyon lavi, anpil nan timoun Sant Akèy Kafou a  lage nan gang 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
akòz move kondisyon lavi, anpil nan timoun sant akèy kafou a  lage nan gang 

Malgre gwo leve kanpe yo te fè semèn pase a kont move tretman yap sibi andedan Sant Akèy Kafou a, Ministè zafè sosyal ak lòt enstans ki konsène yo, pa janm voye yon koudèy sou kondisyon lavi tchyovi sa yo, si gen anpil ki reziye yo viv nan vye kondisyon sa a, anpil lòt fè chwa entegre nan gwoup gang, pou yo ka viv byen paske, depi yon bon bout tan yap viv san asistans Leta, san manje, san lwazi. 

Nan kad yon dosye espasyal, NetAlKole Média, te fè yon ti bat bouch ak timoun sa yo, epi responsab yo kap jere lojistik ak swen timoun yo, depi nan rantre nou nan lakou a, te gen yon vag sou tretman timoun yo, nou pat remake prezans okenn jwèt, rad sou timoun yo chire, sal, san prestans. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pale ak responsab yo, repons yo pat bon pou zòrèy, « Pa gen anyen nan sant lan pou n ta bay timoun yo, resous ekonomik pèsonèl nou fini, Leta pa janm peye nou, ata manje se lè yo vle yo voye pou timoun yo.» Te deklare responsab entèn sant lan Mesye Bernard. 

Nan figi timoun yo, se dezespwa ki anviwonnen l, pa gen siy lespwa, ti lèzany yo anvi viv, yo anvi wè lavi a woz pou yo, men akòz neglijans Leta a yo blije reziye yo, yo pase lang yo nan bouch yo lè l blanch ase, gen lòt ki oblije fè pi move chwa a. Antre nan bandi. 

Olye yo jwenn satisfaksyon ak revandikasyon yo, se kriye yo te kriye, bandi ak zam san manman te louvri kout bal sou yo jou jedi 28 septanm pase a, pandan yo tap denonse grangou devan Sant Akèy yo a. Charles Dawensky, te lèdi lavi l, aprè yo te tire sou li pandan mouvman pwotestasyon an. Malgre sa a, Leta fèmen zye l sou zak malonèt sila a, san yo pa pote asistans yo bay ti lèzany sa yo. 

Si abandon familyal ak gouvènemantal sou timoun lakòz bandi donnen kou djondjon nan peyi a, ebyen Leta montre yo pran plèzi lè chak jou yon grenn bandi kreye pou vin simen latwoublay nan sosyete a. « Nou bezwen asistans Leta, nou bezwen manje, nou vle pou lekòl louvri, pou yo peye paran yo pou nou viv byen», te deklare youn nan timoun yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.