Komisè Jacques Lafontant mande pèp la yon trèv pou Lajistis ka tande prizonye yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
komisè jacques lafontant mande pèp la yon trèv pou lajistis ka tande prizonye yo 

Nan yon entèvyou li bay sou antèn Radyo « Caraïbes FM » maten madi 4 oktòb la, Komisè gouvènman Pòtoprens la Jacques Lafontant, mande popilasyon an yon trèv pou lajistis ka tande plis pase 2000 prizonye ki pa janm pase devan jij yo. Mèt la di tou, nan yon ti tan ki pa twò lwen lap reprann kontwòl lokal pakè a ki anba lòd chèf gang Izo, nan zòn Bisantnè depi plis pase yon lane. 

Pandan mouvman pwotestasyon popilasyon an, gouvènman Ariel Henry ap dirije a sanble pran nan latranblad pèp la, chak jou ki pase yon seri deklarasyon ap fèt, nan sousi pou entimide entansyon pèp la, alòske yap revandike dwa yo lwa manman peyi a akredite yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Komisè Lafontant bò kote pa l, ta vle fè kwè se yon trèv pou pèp la ta fè, pou plis pase 2 mil prizonye jwenn chans adrese yo ak jij yo. Yon deklarasyon plizyè manm nan popilasyon an rele chal bare dèyè l, paske selon kèk revandikatè, se baryè gouvènman an vle monte devan revandikasyon yo. 

Pi lwen, komisè gouvènman Pòtoprens lan pwomèt nan yon ti tan ki pa twò long, y ap repran kontwòl pakè Pòtoprens lan ki sou wout Bisantnè a, kap dòmi leve anba presyon ak lòd chèf gang Vilaj dedye a. Alòske, 7 jiyè 2022 pase a, nan kad komemorasyon premye lane sasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Premye Minis Ariel te fè konnen nan mikwo laprès, pakè a pa sou kontwòl pyès bandi. 

Antouka, si tout bon komisè a pa gen entansyon bloke revandikasyon pèp la, si se ta tout bon li vle pran kontwòl pakè a, fòk komisè a rann li kont pèp la pi swaf sa a pase l, kanpe mouvman revandikasyon yo pap ka rezoud pwoblèm sa yo, paske gouvènman lap sèvi a poko prè pou siyen l lòd sa yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.