« Ariel Henry se yon ti travayè ki pa gen pouvwa demisyone « , se deklarasyon istoryen Michel Soukar

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
ariel henry se yon ti travayè ki pa gen pouvwa demisyone , se  deklarasyon istoryen michel soukar

Nan yon entèvyou li bay jodi madi 4 oktòb 2022 a sou antèn radyo Magik9, istoryen an Michel Soukar, deklare, « nou pèdi tan nou n ap pale ak Ariel Henry ki se yon ti travayè, ki dakò fè tout tenten travay entènasyonal la mande l ». Misye Soukar atravè deklarasyon sa yo fè konnen tou, Ariel Henry pa gen « pouvwa demisyone ». 

Li kontinye, « Se yon peyi ki pèdi souverènte l depi plizyè ane. Nou pa gen dirijan ayisyen. Ariel Henry pa anyen. Nou dwe pale ak patwon li, Madame La Lime. Se yon peyi ki anba sipèvizyon entènasyonal. » 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se yon seri deklarasyon istoryen an fè pou jan li konstate konpòtman Ariel Henry ansanm ak gouvènman l lan sou revandikasyon pèp Ayisyen an, Premye Minis lan atravè ‘swadizan’ mezi li di li pran yo, agrave sitiyasyon kriz peyi a pi plis toujou, lè n konsidere pa gen yon akò ki kreye tout bon ant dirijan yo ak pèp la. 

Michel Soukar, rann li kont Ariel Henry pa fè anyen pou satisfè popilasyon an ki nan lari a pandan plizyè semèn, kap mande pi bon kondisyon lavi ak estabilite pri gaz la te genyen anvan an, istoryen an montre tou, enterè Ariel Henry genyen pou l pa demisyone paske li konpòte l an  » tchyoul blan », sa vle di Ariel satisfè blan meriken olye de pèp li pretann lap dirije a. 

Si tout bon Ariel pa gen lòd ak anyen si blan meriken pa fouye bouch nan koze peyi a ki pa menm regade l ni an pent ni an penti a, nan ka sa a, pèp la dwe motive l pi plis pou mete moun pa l dirije peyi a, pou revandikasyon yo satisfè kòmsadwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.