Komisè Muscadin demanti rimè ki ta fè kwè li transfere Jakmèl lan

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
komisè muscadin demanti rimè ki ta fè kwè li transfere jakmèl lan

Jodi 31 me 2023, plizyè santèn moun pran lari nan Miragwàn pou manifeste kont yon evantyèl transfè Komisè gouvènman Miragwàn lan, Me Jean Ernest Muscadin nan pakè Jakmèl. Yon rimè komisè a demanti byen vit.

Pandan manifestasyon sila, popilasyon an te genyen nan men l fèy bwa. Sou tout pakou an yo t ap fè kwè si gen moun ki dwe transfere se pito Premye minis defakto a, Ariel Henry. Daprè yo, transfè sa se t ap yon mannèv pou pèmèt bandi anvayi depatman Nip lan, menm jan sa deja fèt nan Lwès la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè manifestan yo, se travay Komisè a ki pèmèt yo ka mache nan depatman an.

Rimè transfè sa se ta yon rimè ki genyen omwen de jou depi l ap sikile nan depatman Nip lan ak sou rezo sosyal yo .

Yon enfòmasyon Komisè a demanti sou Radio Flamax. Li fè konnen li pa okouran de desizyon sila. Yon lòt kote, Komisè Muscadin fè konnen li nan kontak ak primati epi Ministè lajistis. Si yon desizyon konsa t ap gen pou pran, li t ap okouran. Li mande popilasyon an pou gade kalm li epi rantre lakay li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média